Ayiti, m sonje bel peyi ki fe kem kontan toulejou;
bon bout kann, mango, san bliye bout rapadou.
Soley ou fem we tout kwen lanati ap vin tyed.
Ebyen men wi! san li m'ap malad, kom ap red;
Mwen telman sonje akasan ak let anba tonel.
m'ap soufri anpil, san rete pou tounen al bwel,
libete nan bon manje natirel mete sante m djanm;
peyi m telman gen pi bel kreyati, plen bel fanm.
Alekile m'ap kontan anpil tande vwa pye bwa leswa;
tankou rido van ap kalote apre yon jou nan fennwa,
nou renmen w Ayiti tanpri pa tonbe nan pi dezespwa;
n'ap panse konstaman tankou dlo anvan li tro fe nwa.
Si yon mo gerizon te ka chanje tout sitiyasyon peyi a,
nou ta di pou bel manman libete sa yon fraz ak lafwa.
Pa janm bliye priye pou gro peyi sa lajounen ak leswa,
temet tout le! pou gen viktwa, remet li bay lakwa.